Premye edisyon Lekòl Sonia Pierre nan Pòtoprens, Ayiti: Panse Karayibeyen, Lit Antirasis ak Dekolonyalite

GLEFAS (Gwoup Latinameriken pou Fòmasyon ak Aksyon Feminis), UNIR Ayiti (Inivèsite Itineran Rezistans lan), IDEI (Enstiti pou Divèsite, Ekite ak Enklizyon) ansanm ak OFMA (Òganizasyon Feminis Marijàn) lanse premye edisyon Lekòl Fòmasyon Politik Sonia Pierre ann Ayiti. Tèm lekòl la se: Panse Karayib, Lit kont Rasis ak Deskolonizasyon.

Jiska jodi a, yo te fè sèt edisyon lekòl la nan Repiblik Dominikèn. UNIR Ayiti te patisipe nan twa nan yo ansanm ak plizyè òganizasyon sosyal ki soti Ayiti.

Lekòl la vle vin tounen yon espas kolektif pou aprann panse politik, reflechi sou listwa Karayib la ak res Abya Yala, epi bati vizyon dekolonyal sou reyalite nou yo. 

Paske gen anpil baryè ki mete difikilte pou moun travèse fwontyè – tankou pwoblèm viza oswa restriksyon sou vwayaj – nou chwazi pa kite baryè sa yo divize nou. Okontrè, nou deside bati pon ant pèp nou yo, bay solidarite plis fòs, epi kontinye travay ansanm.

Se poutèt sa, fè lekòl la ann Ayiti se pa yon aza. Se yon pozisyon politik. Nou fè li pou n ka di nou kwè nan salidarite  ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn, nou kwè nan lespwa san limit, epi nou kwè chak rankont ka simen panse ki lib, aksyon ki solid, ak rèv ki louvri.

 Lekòl la ap fèt nan Pòtoprens, soti 11 pou rive 14 jiyè 2025.

Pandan kat jou sa yo, n ap travay sou sijè sa yo:

  • Modènite ak kolonyalite
  • Kolonyalite pouvwa, panse, egzistans, lanati ak relijyon
  • Ras ak rasis
  • Leta nasyonal ak demokrasi nan lojik kolon
  • Ayiti ak Repiblik Dominikèn
  • Feminis nwa ak lit kont rasis
  • Entèseksyonalite ak feminis dekolonyal
  • Sistèm kolon ki mete fi anba

Edisyon sa a fè pati vizyon politik ak pedagoji UNIR Ayiti. Nou kwè fòmasyon se pa sèlman aprantisaj, men se zouti pou lit. Nou kreye espas kote moun ka reflechi ansanm, defann lavi, defann tè a kont menas gwo pwojè tankou min. Aktivite nou yo — tankou kou panyòl ak vizyon politik, echanj kiltirèl, ak pwogram Fanm Yo La Tou — sèvi pou mete òganizasyon yo an relasyon, pataje eksperyans, bati fòs kolektif. Nan UNIR, chak fòmasyon se tou yon aksyon rezistans epi yon jès espwa.

Premye edisyon Lekòl Sonia Pierre nan Pòtoprens, Ayiti: Panse Karayibeyen, Lit Antirasis ak Dekolonyalite

You might be interested…

No Results Found

The page you requested could not be found. Try refining your search, or use the navigation above to locate the post.