No Results Found

The page you requested could not be found. Try refining your search, or use the navigation above to locate the post.

Bati Konesans pou Chanjman

Aktivite nou yo ale nan sans pou ranfòse travay òganizasyon sosyal ayisyen yo nan defans lavi fas ak megapwojè, espesyalman devan enstalasyon megapwojè minye yo. N ap chèche inove nan aktiviite nou yo epi kreye zouti travay ki adapte ak tout tip piblik.

50 kesyon sou min

Jwèt sa a gen kesyon ki pèmèt aprantisaj oswa konplete konesans ki gen rapò ak konsekans anvan ak apre yon eksplwatasyon min.

Podcast: FANM YO LA TOU

Yon seri kaptivan ki rasanble temwayaj emosyonèl sou travay di ak pasyon fanm nan tout kwen peyi nou an. Rejwenn nou pandan n ap eksplore istwa rezistans, lit ak triyonf. Fanm yo epi pataje vwa transfòmasyon yo ak mond lan.

Trueque de palabras

Se yon kaye ki rekopye fragman liv, powèm, entèvyou ki akonpanye ak aktivite pou travay abilite lekti espanyòl.

Yo itilize mo tròk pou fè referans ak echanj “yon bagay”, li karakterize pa gen okenn medyasyon lajan. Malgre gen yon valè itilizasyon nan sa ki echanje a, echanj la tou pran an kont valè  moun bay “yon bagay.”
Tròk, echanj, konbit gen mak fabrik solidarite, yo se -kle- pou konstriksyon kominote atravè istwa moun.

Atravè García Márquez, Galeano, Pedro Lemebel, Josefina Vincens, Cristina Pacheco, Rita Indiana, Isabel Allende, Rosario Castellanos, Elena Poniatowska, Clarice Lispector, Laura Restrepo, María Luisa Bombal y Juan José Arreola; “Trueque de palabras” vle yon ensitasyon pou plonje nan literati Abya Yala.

Domino: Fanm feminis Karayib yo

Apati pwogram FANM YO LA TOU nou pwopoze yon “Domino Feminis Karayibeyen” kòm yon fason pou konnen fanm ki te fè listwa nan zile nou yo.

Kote kòb Petwo Karibe a?

Kaye sa a oryante pou ranfòse abilite lengistik, an menm tan, pèmèt yon fòmasyon sosyal ak politik. Egzèsis sa yo fèt pou konplete 40è echanj prezansyèl.

Chanson Latino afriken…

Gen chanson ak rit ki pi popilè nan Abya Yala, sòti nan flit, bendjo, jiska akòdeyon ak sisyèm bas mizik nò. An menm tan nou fè yon melanj chanson klasik, kontanporen, rezistans, plent sosyal, lanmou, espwa ak lajwa.