POTE KOLE NAN BATAY LA

Ak patisipasyon w nou pral gen yon eksperyans aprantizaj ki pral pèmèt nou konnen Ayiti, epi grandi pèsonèlman ak pwofesyonèlman. Nou nan Pòtoprens, men tou nou reyalize aktivite nan Nò ak Nodès Ayiti.

Nou se yon pwogram inivèsite mobil san lokal ki kwè nan travay kolektif, ki bay kou espanyòl sou fòma edikasyon popilè, ede nan ranfòsman òganizasyon ayisyen nan kad batay pou defans teritwa ak lidèchip nan koze dwa moun.

Kisa nou bezwen?

  • Pratik espanyòl. UNIR gen kou espanyòl pou aktivis òganizasyon. Pou fè yon aprantizaj konplè kote pratik la nesesè; pou sa ou ka ofri kolaborasyon w pou ede mete tabli yon espas pou pale espanyòl epi amelyore / bouste kapasite sa a (a distans).
  • Fotografi. Pran, korije ak ajoute foto enteresan (prezansyèl).
  • Pwodiksyon videyo. Kreye, korije ak pibliye vedeyo dijital ( prezansyèl).
  • Rezo sosyal. Aktyalize/ pa aktyalize, pwodui kontni pou rezo sosyal yo ( a distans).

Avantaj

  • Lojman: W ap gen kote pou dòmi.
  • Asistans: Ekip nou an ap kenbe kontak ak ou pandan vwayaj la, kit se anvan, pandan ak aprè vwayaj la.
  • Eksperyans.

Ayiti se yon senbòl rezistans, kòm premye peyi endepandan nan Amerik Latin nan epi tou se premye repiblik nwa, se yon pati nan istwa ki pa twò koni.
Travay ak UNIR se louvri yon fenèt sou reyalite ayisyen an, ki merite gen yon rekonesans nan je mond lan. San dout, kolaborasyon w ak travay nou pral fè nou amelyore.

Nou rete kwè Ayiti ap chanje mòd lavi l. 

Egzijans

A distans

    • Trè bon nivo espanyòl oubyen C1
    • Dispozitif ak koneksyon entènèt
    • 10è chak pa semèn
    • Abilite nan rezo sosyal yo
    • Abilite nan Canva

Prezans

    • Trè bon nivo nan espanyòl oubyen C1 / nan kreyòl ayisyen / nan fransè ( ak yon lang aplike).
    • Sejou minimòn twa mwa, maksimòm sis mwa.
    • Abilite nan kamera ak pwodiksyon videyo.

Kesyon yo? Ekri nou

Telefòn

+50944478226

Adrès

Ri Wilson #17, Pako, Pòtoprens, Ayiti