Nou akonpaye rezistans pèp ki defann lavi.
Defans teritwa a se kè travay UNIR-Ayiti. Nou akonpaye òganizasyon baz ki ap reziste kont megapwojè ekstraktiv yo, pandan n ap ankouraje jistis anviwònmantal, souverènte kominotè, ak dwa pèp yo pou yo deside sou tè pa yo.
Travay nou konbine fòmasyon politik, pwodiksyon konesans kolektif, echanj transkiltirèl, ak estrateji pou fè sans, toujou nan yon vizyon popilè, antikolonyàl, e angaje pou lavi.

Kisa nou fè nan pwogram sa a?

Dyagnostik ak katografi kominotè
Nou fasilite pwosesis patisipatif analiz sou teritwa ki pèmèt kominote yo idantifye menas, resous, ak estrateji defans pa yo. Egzèsis sa yo ranfòse konesans sou anviwònman an epi bay plis fòs pou pran desizyon depi anba.
Fòmasyon politik popilè
Nou kreye zouti edikatif ki ranfòse kapasite analiz kolektif ak panse kritik pou defans teritwa a.
Youn nan materyèl nou yo ki pi gaye se “50 Kesyon sou Min”, yon jwèt kat ki fèt pou sansibilize sou enpak mega-min metalik yo. Yo ka jwe li an pè oswa an gwoup. Depi ane 2020, nou distribye plis pase 100 kopi nan plizyè kominote ann Ayiti.

Echanj transkiltirèl
Nou fè echanj fòmativ, politik, kiltirèl ak kominotè ak òganizasyon sosyal ki soti nan plizyè lòt peyi. Rankont sa yo pèmèt nou mete fòs ansanm, pataje konesans, epi konstwi yon ajanda komen pou defans teritwa kont megapwojè ekstraktiv yo.
Echanj ak òganizasyon Pueblo Viejo (Repiblik Dominikèn)

Rankont ak Rèd Meksiken Moun ki Afekte pa Min (REMA)
Echanj Itineran pou Defans Teritwa (Ayiti)
Soti 13 pou rive 16 novanm 2023, plizyè kominote nan nò ak nòès Ayiti te sèn yon echanj fò ak pwisan ant defansè teritwa ki sòti nan diferan kwen Abya Yala. Rankont sa a, ki te òganize pa Inivèsite Itineran Rezistans lan, te reyini vwa ak eksperyans lit kont megapwojè ekstraktiv yo. Nou pataje isit la rapò sou jounen refleksyon, solidarite ak aksyon kolektif sa a pou defans lavi ak byen komen yo.

Akonpayman ak angajman ki soti nan kominote yo
Nou kwè repons pou kriz teritoryal, sosyal ak anviwònmantal Ayiti ap travèse jodi a deja ap konstwi depi nan kominote yo. Se poutèt sa nou akonpaye pwosesis òganizasyon ki defann lavi, teritwa ak pratik solidarite.
Nou ankouraje aksyon vizibilizasyon, koneksyon nasyonal ak entènasyonal, epi kominikasyon politik ki fè vwa moun k ap reziste depi sou tè pa yo tande pi lwen.
🌱 Lekòl ak teritwa
Kampay resiklaj ak reforestasyon nan Lekòl Kap Wouj, pou ranfòse lyen ki genyen ant edikasyon, agroekoloji ak swen pou anviwònman an.
🌍 Plante pou rekonekte
Yon inisyativ vityèl ki louvri pou tout kominote UNIR-Ayiti, ki ankouraje aksyon chak jou pou swen kolektif ak konsyans anviwònmantal.
🌾 Soutyen pou konbit peyizan
Distribisyon zouti ak akonpayman agroekolojik pou òganizasyon riral ki pratike simen kolektif kòm yon fòm rezistans ak soutenabilite.

Antre nan Rezistans lan
Rete konekte avè n. Swiv nou sou rezo sosyal yo epi vin yon pati nan chanjman an.
