Nou fè pwomosyon pou rankont, refleksyon ak aksyon pou rasanble òganizasyon ayisyen ak lòt òganizasyon nan Abya Yala

Nan UNIR, aktivite nou yo ale nan sans pou ranfòse travay òganizasyon sosyal ayisyen yo nan defans lavi fas ak megapwojè yo, espesyalman fas ak enstalasyon megapwojè minye yo. N ap chèche inove nan aktivite nou yo epi kreye zouti travay ki adapte ak tout tip piblik.

Apati lide ofri kou espanyòl kòm zouti echanj ak koneksyon ant òganizasyon sa yo ki nan batay pou defann lavi. Finalite pa nou se pa sèlman aprantizaj espanyòl jis pou aprann, se yon envitasyon pou konnen istwa, kilti, batay ak rezistans pèp yo nan Abya Yala.

Nou reyalize echanj fòmasyon, politik, kiltirèl epi kominotè ak òganizazyon sosyal nan diferan peyi, atravè sa yo, òganizasyon sosyal Ayiti ak ekip k ap kolabore ak UNIR yo fè yon ajanda komen pou travay ak atikilasyon.

Anplis, pwogram “Fanm Yo la Tou” ap chèche garanti espas, kreyasyon ak patisipasyon ak patisipasyon pou fanm yo. Aktyèlman nou te lanse yon bous pou ankouraje plis fanm kapab fini travay memwa yo. Chak aktivite sa yo se yon pa pou ale devan, chak efò se yon apèl pou chanjman ak angajman.

Espanyòl kòm zouti atikilasyon pou defann lavi ak teritwa 

Nou ofri kou panyòl baze sou edikasyon popilè pou òganizasyon yo.Kou panyòl sa yo se espas tou pou aprann plis sou istwa, kilti ak lit nan Amerik Latin ki pale Panyòl.

Bati Konesans pou Chanjman

 Nou reyalize tou zouti pedagojik ak fòmasyon politik nan kad Edikasyon popilè, nou ka site: ” 50 kesyon sou min”, Domino Feminis Karibeyen, kaye egzèsis espanyòl pou militan, Trueque de palabras, Cancionero Latino.

N ap batay nan tèt ansanm: echanj kiltirèl

 Nou reyalize echanj fòmasyon, politik, kiltirèl epi kominotè ak ògnizasyon sosyal nan diferan peyi, atravè sa yo, òganizasyon sosyal Ayiti ak ekip k ap kolabore ak UNIR yo fè yon ajanda komen pou travay ak atikilasyon nan batay pou defans teritwa devan megapwojè yo.

Fanm Yo la Tou

Fanm Yo la Tou tradui an espanyòl “las mujeres también estamos aquí”. Se yon pwogram anndan UNIR k ap chèche ranfòse, bay yon pi bon plas ak lidè fanm nan diferan kominote nan peyi a. Se yon espas kreyasyon ak travay fanm pou fanm.

POTE KOLE NAN BATAY LA

Rete konekte ak nou. Suiv nou sou tout rezo yo pou fè pati chanjman an.