Kou panyòl

Aprann panyòl nan UNIR-Ayiti se plis pase aprann yon lang. Kou nou an konbine etid panyòl ak yon apwòch sou listwa, kilti ak lit pèp Amerik Latin ak Karayib la.

Atravè yon metodoloji popilè ak patisipatif, klas yo pèmèt chak etidyan pa sèlman devlope kapasite lengwistik, men tou devlope yon je kritik sou pwosesis istorik, kiltirèl ak sosyal nan rejyon nou an.

Nou kwè aprann yon lang se tou aprann dyaloge, bati pon, epi ranfòse rezistans ki ini nou kòm pèp.