Nou se UNIR
UNIR fè pwomosyon pou espas rankont, refleksyon ak aksyon pou ranfòse ale vini ant òganizasyon ayisyen ak lòt òganizasyon ki nan Abya Yala; pou sa nou kreye estrateji ak altènativ –estriktirèl ak lokal, politik ak ekonomik – pou pwoteksyon tè yo, kominote yo, agrikilti ak lanati a.
Istwa nou
UNIR kale nan bezwen konnen ak aprann sou Ayiti, nan pwosesis rapwochman sa a nou te temwen izòlman pèp ayisyen an ap fè fas ak li. Izòlman sa a anrasinen nan istwa, kilti, jewografi ak lang pèp sa a; kòm konsekans òganizasyon ayisyen yo pa reyisi gen aksè ak materyèl fòmasyon pou kontrekare eksplwatasyon min nan epi ranfòse pouvwa fanm nan defans Manman nou Tè a, anplis yo pa entegre mouvman ak rezo entènasyonal yo.
Sou pakou UNIR li te jwenn anpil defi, pil ak pakèt defi ou pa ta menm imajine te kwaze sou wout nou. Sepandan, an 2019, nou te rive konsolide travay nou yo. Kounye a nou pataje konesans nou, nou rive fè echanj entènasyonal, nou anseye espanyòl kòm zouti atikilasyon pou defann teritwa, kreye materyèl didaktik epi sitou pandan n ap aprann ak konstui ansanm ak òganizasyon ayisyen yo
Valè nou yo
Respè lavi
Nan UNIR, respè lavi se fondalnatal batay nou an. Nou rekonèt pwofondè koneksyon ant moun ak lanati, pandan n ap travay san relach pou prezève entegrite yo de a. Chak aksyon nou atreprann anrasinen nan konviksyon kote tout fòm lavi merite pwoteje, epi nou pran angajman pou yon demen kote tout sa ki gen lavi ka pwospere men nan men.
Batay kont eksplwatasyon min
Nan UNIR, nou kanpe fèm kont pwojè lanmò ki pote mak fabrik eksplwatasyon min. Nou akonpanye pwosesis pwoteksyon tè ak prezèvasyon kominote nou yo.
Patisipasyon fanm
Garanti patisipasyon fanm yo ak ranfòsman kominote nou yo epi garanti yon reprezantasyon tout moun ladan l, nan batay pou defann lavi ak teritwa.
Motivasyon kominotè
Motivasyon kominotè se motè travay nou yo. Nou kwè nan pouvwa solidarite ak kolaborasyon pou akouche yon chanjman pozitif. Nou jwenn enspirasyon pandan n ap mobilize kominote nou yo pou se yo ki prensipal aktè nan defans dwa yo ak byennèt pou kolektivite a.
Poukisa nou chwazi Ayiti?
Ayiti se premye peyi endepandan nan Amerik Latin nan, premye revolisyon idantitè XVIIIèm syèk la. Pandan 12 ane lagè endepandans lan, Angletè, Espay ak Lafrans t ap goumen pou tè sa a san rete. An 1803, ak dewout ekspedisyon Bonaparte la gen yon peryòd ki kaba, nouvo nasyon ayisyen an pran nesans. Ayiti se ansyen non pèp arawak ak karayib yo ki te abite sou zile a anvan anvayisè yo te rive.
Revolisyon ayisyen an te kesyone lòd mondyal gran puisans yo te enpoze a. Yon revolisyon pou libète byennèt ak dwa grandèt majè pèp ayisyen an pou defini kijan l dwe viv. Sa te fondamantal pou Karayib ak rès Amerik Latin nan, pou jan l te poze jalon pou entegrasyon latino ameriken atravè echanj ant Miranda ak Desalin, epi Petyon ak Bolivar.
Jouk jounen jodi a, nan fason ayisyen toujou rete djougan se yon egzanp ki temwanye diyite, reyalite, rezistans, mesaj ak chanson ki nan reyalite lavi chak jou fanm ak gason.