Responsab Teritoryal

Inisyativ Kreye pou Rekonekte (Nòdès)
UNIR-Haïti | Pwogram Defans Teritwa a

UNIR-Haïti lanse yon apèl a kandidati pou rekrite yon moun ki pral pran wòl Responsab Teritoryal nan kad pwojè Kreye pou Rekonekte, ki fè pati Pwogram Defans Teritwa a.

Pozisyon sa a gen pou objektif ranfòse prezans pwojè a sou teritwa a, asire kontinite ak swivi inisyativ kominotè yo, epi sipòte aksyon ki gen rapò ak defans teritwa a ak pwoblèm min nan rejyon Nòdès Ayiti.

Modalite : Travay an prezans (Terrier Rouge, Limonade, Ouanaminthe, Kap Ayisyen)
Dire : Kontra inisyal 3 mwa (ak posiblite pou renouvle).

Pwofil ak prensipal kondisyon yo

  • Fòmasyon inivèsitè fini nan agroekoloji, syans sosyal oswa domèn ki sanble.
  • Bon nivo kreyòl ayisyen ak franse.
  • Disponibilite pou travay sou teren ak pou deplase souvan atravè peyi a.
  • Eksperyans oswa lyen ak pwosesis kominotè, teritoryal oswa sosyo-anviwònmantal.
  • Kapasite pou òganize travay, suiv aktivite yo epi ekri rapò.
  • Angajman klè pou defans teritwa a ak prensip pwojè Kreye pou Rekonekte.
  • Konesans panyòl : yon avantaj (men li pa obligatwKijan pou aplike

Moun ki enterese yo dwe ranpli fòmilè sa a :
👉 https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSdBy3jLpK-I0IaEpqm0om2LaWihqA6pM3he_O_uotvZudSYzw/viewform?usp=sharing&ouid=106096296996720881578

Dokiman sa yo dwe telechaje nan fòmilè a :

  • CV (Curriculum Vitae)
  • Lèt motivasyon

🗓️ Dat limit pou aplike : 15 fevriye
📎 Ou ka telechaje Tèm Referans (TDR) konplè pòs la nan lyen sa a : TERMES DE RÉFÉRENCE (TdR).pdf