Universidad Itinerante de la Resistencia en Haiti

Nan mwa fevriye sa a, LIH-Média ak UNIR-INITE pataje diferan istwa ki enspire nou kontinye chemen travay nou yo ak espwa pou rive nan yon sosyete ki pi jis. Se elèv UNIR-INITE ki te tradui  istwa sa yo an kreyòl , yon pwogram kote youn nan objektif li se ede kraze baryè lenguistik yo.
Pou fèmen mwa tradiksyon nou an, jodi a nou pataje yon mòso istwa  Mapuche, yon pèp nan Sid peyi Chili ak Ajantin. Istwa sa a se pou ti moun epi li  ka gen anpil entèpretasyon. Nou kite chak lektè bay jijman pa yo, sepandan se yon istwa  ki chita tou sou renmen, solidarite ak lespwa.

Zannimo ak moun yo se frè. Nan mitan yo, senpati ka koule epi solidarite ka leve.

Grann nan di pitit pitit li:

– Mwen te rekonèt yon gason ki te sòti nan Sid. Li te rakonte m yon istwa sou gran gran papa li ki te zanmi yon tig.

-Zanmi yon tig, kouman li te fè sa, grann?

-Gran gran papa li te yon solda  Mapuche. Yon fwa, lè yo te fin batay kont blan yo, li te rete sou teritwa lènmi yo. Chak jou, li te kache dèyè pye zèb yo, li pa t fè bri pou yo pa t wè li. Yon aprèmidi,  li te gade toupatou e li pa t wè ni solda Mapuche yo,  ni gerye blan yo. Li te sove, men li te byen lwen fanmi li. Li te mache tout jounen an nan dezè a e pou jouk solèy kouche, li pa t janm rive lakay li. Bridsoukou, li te wè de ti limyè. Li te panse se moun ki t ap limen dife epi li te kontan. Byen rapid,  li wè se pa sa li te panse a, se de grenn  je jòn yon tig ki t ap pwoche tou pre li. Li te tonbe kriye tèlman li te pè, tèlman li te santi l poukont li. Men tig la te kanpe epi li te sonje istwa grann li te konn rakonte l sou epòk bèt ak moun yo te zanmi.

-Peñi Nahuel (an mapudungún, lang pèp Mapuche sa vle di: frè tig) pa fè m mal. Tig la te gade l fiks, li te fè yon mouvman pou montre l li vle pou li swiv li epi gason an te swiv li.

Yo mache tout lannuit jis li kòmanse fè klè. Lè solèy la te kouche,  tig la te chache yon kote pou yo te repoze apre pou yo te kontinye mache. Li te jwenn yon tou pehúen[1], se la gason an te dòmi epi tig la te rete ap veye pou ba li sekirite. Tig la t ale lachas pou yo te ka manje ansanm. Yo te jwe, kouri, woule bò rivyè a. Tig la te fè gason an anpil konfyans, li menm te kite l karese l. Yon aprèmidi,  yo te ale tou pre yon mòn, gason an te santi van an ki t ap pote vini lafimen ki te sòti bò kote moun pa l yo. Nan lannuit,  yo te dòmi menm jan yo te konn fè l la. Men nan demen maten,  tig la pa t la, li te ale. Gason an te eseye chache li, men l pa t janm jwenn li. “Mèsi anpil Peñi Nahuel”,  li te di sa fò pou mande van pote remèsiman sa a nan zòrèy tig la. Apre sa,  gason an te ale pou rankontre fanmi li.

Nan chak istwa, menm si se pou timoun oubyen se yon istwa nou tande nan lari, nan bouch yon moun nou pa rekonèt, toujou gen kèk bèl bagay pou nou aprann… Avèk istwa sa a, nou jis vle di nou atansyon avèk tout bagay nou pèmèt antre nan zòrèy nou… krik krak!

Rosette Dorcelus, Etidyan UNIR-INITE ki tradui tèks la


[1] Peuhén oubyen Araucaria se yon pye bwa ki grandi nan Amerik di Sid. Pèp Mapuche yo manje fwi yo. Se yon gwo pyebwa ki ka rive mezire 55 mèt.