Universidad Itinerante de la Resistencia en Haiti

  • Follow
  • Follow
  • Follow
Donar
  • Kòmanse
  • Kiyès nou ye
  • Kisa nou ap fè?
  • Pwogram yo
    • Defans teritwa
    • Fanm Yo La
  • Kou yo
    • Kou Alfabetizasyon Dijital
    • Kou Edikasyon Popilè
    • Kou panyòl
  • Materyèl yo
  • Blòg Nou
  • Kontak
  • Kreyòl
    • Español
    • English
    • Kreyòl

Min nan Ayiti: poukisa kesyon sa a enpòtan pou lavni peyi a?

by haiti | Mar 11, 2026 | Blog | 0 comments

Claudia Alavez

Lè yo pale de Ayiti nan anpil medya entènasyonal, yo souvan mete aksan sou kriz politik oswa ensekirite. Men gen lòt kesyon enpòtan ki raman parèt nan diskisyon sa yo. Youn ladan yo se kesyon min.

Depi kèk ane, plizyè konpayi entènasyonal montre enterè pou eksplore resous ki anba tè ann Ayiti. Yo pale sitou de mineral tankou lò ak kwiv, ki ta ka egziste nan kèk rejyon nan peyi a, espesyalman nan nò ak nan nòès.

Pou kèk aktè ekonomik, min ta ka reprezante yon nouvo sous revni pou peyi a. Men eksperyans anpil lòt peyi nan Amerik Latin montre gwo pwojè min souvan lakòz gwo pwoblèm: polisyon dlo, destriksyon tè agrikòl, ak konfli ak kominote ki rete sou teritwa kote pwojè yo ap devlope.

Se poutèt sa kestyon min nan merite plis enfòmasyon ak plis diskisyon ann Ayiti.

Nan kad Pwogram Defans Teritwa Inivèsite Itineran Rezistans an Ayiti ap devlope, nou lanse yon seri atik pou ede pote plis limyè sou kestyon sa a. Objektif la se pataje enfòmasyon, epi ankouraje refleksyon sou kestyon resous natirèl peyi a.

Pou kòmanse refleksyon sa a, gen kèk kestyon kle ki enpòtan pou konprann kestyon min nan.

Ki mineral ki genyen ann Ayiti, epi kote yo sitiye?
Plizyè etid jeyolojik deja montre prezans kèk mineral nan peyi a, sitou lò ak kwiv. Rechèch sa yo montre potansyèl min ki sitiye sitou nan Nòdès ak Nò. Men anpil nan enfòmasyon sa yo pa toujou fasil pou piblik la jwenn.

Ki konpayi ki deja enterese nan min ann Ayiti?
Depi ane 2000 yo, kèk konpayi etranje deja fè rechèch sou mineral ann Ayiti epi yo jwenn pèmi eksplorasyon nan men Leta ayisyen. Pami konpayi yo genyen konpayi kanadyen ak ameriken ki te travay nan kèk zòn nan nò peyi a. 

Ki konsekans min ka genyen pou dlo, tè ak agrikilti?
Eksperyans nan anpil peyi montre gwo pwojè min ka gen gwo konsekans sou anviwònman an. Yo ka polye rivyè ak sous dlo, degrade tè agrikòl, epi mete an danje mwayen lavi anpil fanmi riral. 

Ki eksperyans lòt peyi nan rejyon an genyen ak min?
Nan anpil peyi nan Amerik Latin, pwojè min deja lakòz gwo mobilizasyon sosyal. Kominote yo souvan leve kanpe pou pwoteje dlo, tè ak anviwònman yo. Eksperyans sa yo montre kesyon min nan pa sèlman yon kesyon ekonomik; li se tou yon kestyon anviwònman, dwa kominote yo, ak souverènte sou resous natirèl yo.

Kestyon min nan gen gwo enpòtans pou lavni peyi a. Desizyon ki pran sou kestyon sa a kapab gen konsekans dirèk sou anviwònman an, sou agrikilti, ak sou lavi anpil kominote. Se poutèt sa li enpòtan pou plis sitwayen jwenn enfòmasyon klè epi patisipe nan refleksyon sou kestyon sa a.Seri atik sa a ap chèche pote kèk eleman pou ede konprann kestyon min nan pi byen, epi ankouraje yon diskisyon kolektif sou lavni resous natirèl ann Ayiti.

Submit a Comment Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Recent Posts

  • Min nan Ayiti: poukisa kesyon sa a enpòtan pou lavni peyi a?
  • Ayiti prezan: Konstwi pon apati UNIR en Haití
  • APÈL A KANDIDATI
  • Bous Fanm Yo La
  • Premye edisyon Lekòl Sonia Pierre nan Pòtoprens, Ayiti: Panse Karayibeyen, Lit Antirasis ak Dekolonyalite

Recent Comments

No comments to show.

Únete a la resistencia

Universidad Itinerante de la Resistencia en Haiti

Correo

coordinacion@unir-haiti.org

Dirección

Wilson #17, Pacot, Puerto Príncipe, Haití