



Travay UNIR an Ayiti toujou chita sou kreye espas rankont, espas pou nou wè youn lòt, pataje ansanm. Men pandan twazyèm ane nou an, nou te fè fas ak yon nouvo reyalite: ogmantasyon vyolans gwoup ame yo nan Pòtoprens.
Nan yon kontèks pèmakriz, kote vyolans lan limite rankont an pèsòn, fasafas, lefèt nou pa t kapab wè youn lòt te gen gwo konsekans sou sante mantal ak sou lavi kolektif nou.
Sa te fè nou vin pa kapab òganize aktivite fasafas ankò. Nou te oblije adapte nou, menm nan kou panyòl nou yo, kote nan kapital la nou te pase nan yon fòma totalman vityèl. Te gen tou yon lòt bagay ki te difisil pou nonmen, men tout moun te santi l: yon santiman dekourajman kolektif. Nou te rann nou kont nou pa t kapab kenbe espwa poukont nou, paske espwa se yon bagay kolektif tou.
Devan sitiyasyon sa a, nou te deside fè yon poz. Reflechi sou fason nou te kapab rekonekte epi jwenn youn lòt ankò.
Yon angajman pou swen kolektif
Premye kanpay sa a te fèt kòm yon zak pwofondman kominotè ak pedagojik. Se te yon kanpay fèmen, ki te fèt espesyalman pou fanmi UNIR ann Ayiti. Objektif nou pa t fè yon bagay piblik, men pito kreye yon espas pou nou menm.
Espas dekonekte pou rekonekte te enspire nou ak fason pa nou pou rankontre ann Ayiti: kanaval yo, fèt yo, espas kote moun pa sèlman selebre, men yo pale, konekte epi rekontre youn lòt.
Nou te kreye yon espas senp men ki te gen anpil fòs: yon gwoup WhatsApp. Se la moun ki t ap viv nan diferan teritwa — soti Pòtoprens rive nan nò peyi a — te kòmanse pataje, koute youn lòt epi rekonèt yo kòm yon pati nan menm kominote a.
Jwèt kòm yon fason pou patisipe
Kanpay la te òganize atravè defi nou te klase an kat kategori:
- enspirasyon ak rekonesans
- byennèt ak kreyativite
- dekonekte epi rekonekte
- motivasyon ak kominote
Kategori sa yo te chèche louvri espas pou nou rekonèt youn lòt, di mèsi, pran swen byennèt nou epi fè dekoneksyon an tounen yon poz ki gen sans.
Pandan anviwon twa mwa, nou te pwopoze twa defi pa semèn.
Chak moun te ka chwazi kijan ak kilè yo vle patisipe. Objektif la pa t “reyisi” oswa “fini”, men pito rete prezan.
Gen kèk defi ki te senp anpil, tankou rele yon moun yo pa t pale avè l depi lontan. Nan youn nan moman sa yo, yon moun te rakonte li pa t pale ak yon zanmi depi plizyè ane, epi gras ak defi a li te rekòmanse kominike avè l.
Sistèm pwen yo pa t fèt pou kreye konpetisyon, men pito pou retounen ak lide jwèt la kòm yon fason pou moun patisipe san presyon epi san pè fè erè.
Ti pa ti pa, gwoup la te kòmanse ranpli ak ti jès lavi chak jou: foto, resèt moun t ap pataje, mesaj ankourajman, ak souvni fanmi anpil moun te ekri ak anpil detay, tankou si yo t ap reviv moman sa yo ankò.
Sa ki te kòmanse chanje
Plis pase 50 moun te patisipe aktivman nan eksperyans sa a.
Men pi lwen pase chif yo, se moral kolektif la ki te kòmanse transfòme. Moun yo te di yo santi yo pi kalm, pi akonpaye, mwens poukont yo.
Yon pwosesis ki te louvri chemen an
“Dekonekte pou rekonekte” pa t sèlman yon kanpay.
Li te mete yon baz emosyonèl ak kominotè ki te pèmèt nou kontinye rete ansanm, menm nan mitan ensètitid la.
Atravè defi yo, nou te kòmanse pa sèlman rekonekte youn ak lòt, men tou poze kestyon sou anviwònman nou: kijan pou pran swen, kijan pou kontribye, kijan pou soutni sa nou genyen an komen menm a distans.
Se la yon kestyon te parèt, yon kestyon ki te trase pwochen etap la:
Kijan nou ka pote swen sa a pi lwen pase nou menm, pou rive jouk nan teritwa a?
Se avèk kestyon sa a pwochen kanpay nou an te kòmanse pran fòm: Plante pou rekonekte.

