Otè: Claudia Alavez ak Libertad Díaz
Tradiksyon: Felix Duvelson
Nouvo dekrè sa defini règ pou ka genyen oswa remèt pèmi pou eksplwate min, okipe yon pòsyon tè epi otorize operasyon pou eksplwatasyon. Avan li rantre an fonksyon, li empòtan poun konprann ki dwa li bay entrepriz yo, ki kapasite kominote yo pral genyen pou deside sou teritwa yo epi pou kisa yo dwe ampeche eksplwatasyon min metalik an Ayiti.
30 septanm 2026 la, gen yon dekrè ki pral rantre an fonksyon, pou reoganize aktivite min an Ayiti. Yo te pibliye li 30 mas, et teks la fikse yon delè 6 mwa avan yo kòmanse metel an aplikasyon. Pandan peryòd sa, pa janm gen yon deba piblik serye sou konsekans li, ni yo pa janm enfòme kominote yo ki gen teritwa yo ki ka afekte.
Dekrè a fikse règ sou plizyè domèn tankou: min metalik, Karyè, sibstans fosil solid ak eksplwatasyon atizanal lò. Nan tèks sila, nap konsantre nou sou min metalik yo, paske gizman lò, ajan, kwiv ak boksit ke yo deja identifye nan peyi a ka rive okipe anpil zone, yon basen vèsan antye ak teritwa kote popilasyon an depann direkteman de agrikilti ak sous dlo yo.
30 septanm sa ap fè nou gade pi lwen ke langaj teknik yo. Depi dekrè a rantre an fonksyon, gen yon rejim ki pral kòmanse aplike epi ki pral fasilite yo bay, renouvelé oswa transfere pèmi pou eksplwate, eksplore, otorize operasyon sou min yo epi etabli yon seri de mekanis pou okipasyon ak konpansasyon tè yo. Anplis, dispozisyon tranzitwa yo pèmèt moun oswa konpayi ki te deja gen pèmi yo chwazi antre anba nouvo rejim nan, epi pèmèt kèk demann ki te deja an atant refòmile daprè kondisyon nouvo dekrè a.
Se poutèt sa, deba a pa sèlman sou fason aktivite minyè yo pral reglemante. Kesyon fondamantal la se pito pou konnen si Ayiti dwe ouvri nouvo teritwa pou eksplwatasyon min metalik, epi si kominote yo pral genyen yon kapasite reyèl pou patisipe nan desizyon ki konsène pwojè ki kapab transfòme, pandan plizyè dizèn lane, tè yo ak basen vèsan kote lavi yo ak mwayen pou yo viv depann de yo.

Gwo kantite materyèl pou jwenn yon ti kantite metal
Enfòmasyon ofisyèl Biwo Min ak Enèji idantifye depo lò ak ajan nan Grand Bois ak Morne Bossa, ansanm ak depo kwiv nan Douvray, Blondin ak Vallières. Grand Bois genyen yon estimasyon 4,73 milyon tòn minrè, ak yon konsantrasyon mwayèn 2,23 gram lò pou chak tòn. Morne Bossa genyen anviwon 2,2 milyon tòn minrè, ak yon konsantrasyon 1,84 gram lò pou chak tòn. Douvray, bò kote pa li, genyen plis pase 86 milyon tòn minrè, ak yon konsantrasyon 0,53 % kwiv (Notice explicative du potentiel minier et énergétique d’Haïti, pp. 8-9).
Dèyè chif sa yo, gen yon transfòmasyon fizik ki fèt sou yon echèl ki trè laj. Nan Grand Bois, fòk yo ta trete anviwon 448 kilogram minrè pou jwenn yon gram lò; nan Morne Bossa, se anviwon 543 kilogram. Nan Douvray, yon tòn minrè genyen anviwon 5,3 kilogram kwiv. Sa vle di pi gwo pati nan wòch yo retire a pa transfòme an metal ki ka vann sou mache.
Boksit la parèt klèman nan dekrè a, ak yon redevans 5 %, lè li gen mwens pase 5 % silis, epi 4 % lè pousantaj silis la rive oswa depase nivo sa a. Ayiti deja fè eksperyans eksplwatasyon sa a: ant 1957 ak 1982, yo te eksplwate anviwon 12,8 milyon tòn boksit nan Miragwàn. Biwo Min ak Enèji Ayiti rekonèt li menm ke revni ki te soti nan eksplwatasyon sa a te konsantre sitou nan men gouvènman santral la, pandan komin nan te resevwa yon ti kantite benefis. Apre konpayi an te fin kite zòn nan, enstalasyon ak sèvis yo te degrade, san pa t rete yon ekonomi rejyonal dirab (Géominergie 5, pp. 10-12).
Kidonk, nou pa kapab mezire dimansyon yon eksplwatasyon minyè sèlman sou kantite lò, kwiv oswa boksit yo rive jwenn nan fen pwosesis la. Nou dwe konsidere tou kantite wòch yo retire, kantite dlo ak enèji yo itilize, enstalasyon ki nesesè yo, transpò materyèl yo, ansanm ak kantite dechè ki pral rete apre min nan fin fèmen. Yon min okipe epi afekte yon espas ki pi laj pase kote mineral la ye sèlman.
Yon konsesyon fini sou yon kat; yon basen vèsan pa fini la
Dekrè a pèmèt yon pèmi eksplorasyon kouvri jiska 100 km², pou yon premye dire kat (4) ane, avèk posiblite pou renouvle li de fwa, sa ki ka fè dire total la rive jiska yon maksimòm douz (12) lane. Yon menm antrepriz ansanm ak konpayi ki afilye avè l yo kapab akimile pèmi ki kouvri jiska 2 500 km². Pèmi eksplwatasyon yo kapab kouvri jiska 50 km², pou yon dire 25 lane, epi renouvle pou peryòd dis (10) ane jiskaske rezèv mineral la fini. Dwa minyè yo kapab transfere tou, selon kondisyon ki prevwa dekrè a, yo kapab fè objè sesyon oswa ipotèk.
Sou yon kat, pèmi sa yo parèt tankou poligòn administratif. Men, sou teren an, mòn, zòn rechaj dlo, nap freatik yo, sous dlo yo, rivyè, tè agrikòl ak kominote yo fòme sistèm ki konekte youn ak lòt. Yon basen vèsan pa fini kote kowòdone yon konsesyon minyè fini. Menm jan an tou, diminisyon debi yon rivyè, chanjman nan karakteristik tè a oswa yon posib kontaminasyon pa nesesèman rete andedan limit konsesyon an.
Atik 156 la pèmèt aktivite pwospèksyon, eksplorasyon ak eksplwatasyon minyè fèt apati yon distans 50 mèt ak yon bouk, kay, pi dlo, simityè, kote sakre, baraj, tiyo dlo ak bò rivyè yo. Distans sa a parèt ensifizan devan enpak ki kapab pwopaje atravè dlo sifas ak dlo anba tè. Li pa trò konsiderasyon lefèt ke yon basen vèsan konekte sous dlo, akwifè, tè agrikòl ak kominote ki kapab sitiye byen lwen zòn imedya kote min nan ye a.
Dekrè a etabli kèk egzijans nan domèn anviwònman, men li prevwa tou kèk mekanis ki soulve gwo enkyetid. Anvan eksplwatasyon an kòmanse, li nesesè pou gen yon Etid Enpak Anviwònmantal ak Sosyal ansanm ak yon Plan Jesyon Anviwònmantal ak Sosyal.
Sepandan, depi Otorite Nasyonal Minyè a bay yon avi teknik favorab, Ministè Anviwònman an genyen 180 jou pou evalye etid la. Daprè atik 187 la, si delè sa a pase san Ministè a pa bay avi li pou di li pa gen objeksyon oswa san li pa mande koreksyon, yo konsidere otomatikman ke Ministè a pa gen objeksyon.
Sa vle di silans yon enstitisyon piblik kapab pwodui yon efè favorab ki pèmèt pwosedi a kontinye. Pou UNIR, li espesyalman enkyetan pou yon dispozisyon ki gen yon enpòtans konsa pèmèt absans yon repons administratif pwodui yon efè konsa nan yon peyi kote enstitisyon ki responsab kontwòl anviwònmantal yo ap fè fas ak gwo problèm ak limit nan kapasite yo.
Dekrè a prevwa tou kèk zòn ke Pouvwa Egzekitif la kapab deklare kòm zòn entèdi oswa rezève. Sepandan, li etabli ke, lè yon zòn ki vin entèdi gen ladan l perimèt minyè ki te deja etabli, tit minyè ki te egziste anvan yo kontinye rete valab, dapre atik 170 la.
Pwoblèm nan pa sèlman nan evalye chak min separeman. Nan yon menm basen vèsan, kapab genyen plizyè pèmi minyè ki vin ajoute sou lòt presyon ki te deja egziste, tankou debwazman, ekstraksyon sab ak wòch, dechè, polisyon rivyè oswa enfrastrikti endistriyèl. Tout aktivite sa yo kapab kominike youn ak lòt epi ogmante presyon sou dlo, tè, ekosistèm ak kominote yo.
Se poutèt sa, limit administratif yon konsesyon minyè pa sifi poukont li pou konprann enpak kap ogmante sou yon basen vèsan. Pou byen evalye konsekans yo, li nesesè pou konsidere basen vèsan yo kòm yon sistèm antye, kote sa k fèt nan yon zòn kapab gen konsekans sou resous natirèl ak kominote ki trouve yo byen lwen limit konsesyon an.
Posede tè pa vle di ou gen kontwòl sou sa ki anba tè a
Dekrè a etabli ke rezèv sibstans mineral solid yo se pwopriyete Leta sèlman, yo pa gen pou wè ak pwopriyete tè a epi yo fè pati domèn piblik. Sa vle di, menm si yon moun posede yon tè oswa li ap travay yon tè legalman, sa pa vle di li gen kontwòl sou mineral ki anba tè sa a.
Separasyon sa a pran yon dimansyon espesyal an Ayiti, kote gen yon pwoblèm istorik ki toujou egziste nan zafè tit pwopriyete, rejis ki pa konplè, limit tè ki pa byen defini ak fòm posesyon tradisyonèl ki pa toujou gen dokiman ofisyèl pou pwouve yo. Gen anpil fanmi ki ap viv epi travay depi plizyè jenerasyon sou tè kote li kapab difisil pou yo pwouve dwa yo devan yon otorite.
Vyolans lan vin agrave ensekirite sa a. Deplasman fòse, okipasyon tè ak prezans gwoup ame kapab fòse moun kite tè yo epi diminye kapasite yo pou defann dwa yo sou tè sa yo. Nan kondisyon sa yo, mande moun yo dokiman oswa kòmanse negosyasyon endividyèl kapab mete an dezavantaj menm moun ki te oblije deplase oswa kite kominote yo pou yon ti tan akoz vyolans.

Dekrè a rekonèt tit pwopriyete, dwa posesyon ak dwa koutimye, men absans yon akò avèk moun ki posede oswa okipe tè a pa nesesèman sispann pwosedi a. Li etabli mekanis pou fikse dedomajman epi li pèmèt yo itilize ekspropriyasyon pou koz itilite piblik, selon kondisyon ki prevwa nan atik 159 rive 165.
Pwoblèm nan se paske yon konfli sou tè ak teritwa pa kapab limite sèlman ak kesyon fikse yon pri. Yon dedomajman pa kapab ranplase yon sous dlo, yon tè fètil, yon simityè, yon kote sakre, ni relasyon sosyal ak kominote moun yo bati pandan plizyè jenerasyon. Li pa nesesèman pran an konsiderasyon tou tout domaj kolektif moun ki pa rete dirèkteman sou tè ki konsène a kapab sibi, men ki pataje menm basen vèsan an ak menm teritwa a.
Anplis, pou yon fanmi ke vyolans te fòse deplase, lefèt ke li pat prezan fizikman pandan yon konsiltasyon, yon operasyon apantaj (mezire tè) oswa yon negosyasyon pa dwe sèvi kòm rezon pou li pèdi relasyon istorik li ak tè a oswa dwa li genyen sou li.
Èske yon kominote kapab di non?
Sa a se youn nan kesyon fondamantal dekrè a ki pa fin klè.
Dekrè a pa rekonèt klèman dwa kominote yo pou yo refize aktivite minyè sou teritwa yo. Li prevwa yon Pwotokòl Devlopman Kominotè, ki dwe negosye anvan yo bay otorizasyon pou operasyon yo kòmanse. Sepandan, pwosesis sa a fèt nan yon moman kote konpayi an deja genyen yon pèmi minyè sou zòn nan epi li kapab deja envesti resous nan eksplorasyon.
Li enpòtan poun gade nan ki Lòd etap yo fèt, paske li bay konpayi an yon avantaj. Premyèman, yo ba li dwa eksklizif sou zòn nan; aprè sa, yo mande kominote yo pou yo negosye. Lè sa a, Leta deja rezève teritwa a pou yon aktivite minyè, epi konpayi an kapab prezante envestisman li deja fè ansanm ak pèmi li genyen yo kòm dwa ak enterè ki dwe pwoteje.
Nan kondisyon Ayiti ap viv jounen jodi a, gen plizyè kesyon fondamantal ki rete san repons: Kijan moun ki deplase kite kominote yo pral patisipe? Kiyès ki pral detèmine moun ki reprezante yon kominote lejitimman? Kijan yo pral garanti yon patisipasyon lib nan teritwa ki afekte ak vyolans oswa entimidasyon? Kisa k ap pase lè yon kominote pa vle negosye dedomajman, men li vle refize eksplwatasyon minyè a?
Kominote yo pa senpleman yon seri moun yo dwe enfòme sou desizyon ke lòt moun deja pran. Yo se aktè politik ak sosyal ki, atravè listwa, bati relasyon avèk tè yo, sous dlo yo ak fason yo òganize pwodiksyon yo. Se poutèt sa, yo dwe genyen kapasite reyèl pou patisipe nan desizyon sou avni teritwa sa yo.
Kisa teritwa yo resevwa an retou?

Dekrè a fikse yon redevans 3,5 % pou metal de baz yo ki konsantre ak 4 % pou metal presye yo. Li prevwa tou yon peman 0,25 dola ameriken pou chak tòn mineral yo retire, pou kolektivite teritoryal ki sibi konsekans aktivite minyè yo. An menm tan, dekrè a bay aktivite minyè yo posiblite pou jwenn ekzonerasyon ak avantaj fiskal epi ladwann, ansanm ak mekanis estabilite fiskal ki ka dire jiska kenz (15) lane.
Nou dwe analize chif sa yo ansanm ak depans eksplwatasyon minyè a ki ka vin mennen sou teritwa yo. Redevans yo poukont yo, pa ka ranplase tè pwodiktif, sous dlo oswa aktivite ekonomik ki disparèt. Yo pa garanti non plis reparasyon domaj anviwònmantal ak domaj sou sante ki ka dire lontan.
Eksperyans Ayiti te fè ak eksplwatasyon boksit nan Miragwàn mande pou nou pran anpil prekosyon devan pwomès, kote yo te di eksplwatasyon mineral ta pral pote devlopman lokal otomatikman. Pwoblèm nan pa sèlman konnen ki pousantaj yon kominote ap resevwa. Nou dwe mande tou ki chanjman kominote a pral oblije aksepte pou li resevwa lajan sa a, epi kilès ki pral responsab depans yo lè eksplwatasyon an fini.
Kanpe dekrè a anvan li kreye nouvo dwa minyè
30 septanm nan pa sèlman yon dat administratif. Lè dekrè a antre an fonksyon, li mete yon nouvo rejim an aplikasyon ansanm ak dispozisyon tranzitwa li yo.
Pa egzanp, dekrè a bay moun ak konpayi ki gen ansyen pèmi rechèch yo sis mwa, apati dat piblikasyon li a, pou fè konnen si yo vle kontinye anba konvansyon yo te deja siyen ak Leta oswa si yo vle antre anba nouvo rejim nan. Pèmi eksplwatasyon yo te bay sou baz dekrè 1976 la kapab antre tou anba nouvo rejim sila. Anplis, kèk demann ki te toujou an atant lè yo te pibliye dekrè a kapab refèt apre li antre an vigè epi konsève priyorite yo pandan delè dekrè a prevwa yo.
Se poutèt sa, sosyete ayisyèn nan dwe konnen sa dekrè a genyen anvan li kòmanse aplike. Inivèsite, asosyasyon syantifik, pwofesyonèl lasante, espesyalis nan dlo, jewoloji, idwojewoloji, agronomi, ekonomi ak dwa kapab patisipe nan egzamine dispozisyon li yo piblikman ansanm ak konsekans yo kapab genyen sou teritwa konkrè yo.
Rezon ki fè nou devlope nan atik sa a pa chita sou yon sèl risk: gwo espas teritwa kapab rete anba dwa minyè pandan plizyè dizèn ane; limit basen vèsan yo pa suiv limit konsesyon yo; posede tè pa bay kontwòl sou sa ki anba tè a; pwosedi anviwònmantal la pèmèt ke silans enstitisyon yo ka mennen nan yon non-objeksyon; epi gen lòt kesyon ankò pi fondamantal sou kapasite reyèl kominote yo genyen pou rejte yon pwojè ki ka transfòme teritwa yo.
Anpeche dekrè a antre an vigè ta pèmèt sosyete a louvri yon deba piblik anvan nouvo rejim nan kreye lòt efè ak dwa minyè. Deba sa a dwe kòmanse ak yon kesyon ki vini anvan tout kalkil sou redevans, envestisman oswa konpansasyon: èske kominote ayisyèn nan vle ouvri teritwa yo pou eksplwatasyon min metalik?

Pou UNIR, desizyon sa a pa kapab kòmanse apre Leta deja fin bay yon konsesyon, ni li pa kapab fini nan yon negosyasyon sou valè oswa pri bagay kominote a pral pèdi. Dlo, tè ak dwa kolektif pou rete viv sou teritwa a epi deside sou li pa yon konpansasyon ou pral kapab kalkile aprè. Tout sa nou sot site la yo, se yo menm ki dwe sèvi kòm premye pwen pou demare tout diskisyon sou lavni eksplwatasyon min ann Ayiti.

