Universidad Itinerante de la Resistencia en Haiti

  • Follow
  • Follow
  • Follow
Donar
  • Kòmanse
  • Kiyès nou ye
  • Kisa nou ap fè?
  • Pwogram yo
    • Defans teritwa
    • Fanm Yo La
  • Kou yo
    • Kou Alfabetizasyon Dijital
    • Kou Edikasyon Popilè
    • Kou panyòl
  • Materyèl yo
  • Blòg Nou
  • Kontak
  • Kreyòl
    • Español
    • English
    • Kreyòl

Resous Natirèl Ayiti: Ant Mit sou Richès Kache ak Reyalite yon Trezò Ki Pa Eksplore

by haiti | Apr 13, 2026 | Blog | 0 comments

Otè Paula Companioni*
Tradiksyon: Claudia Alavez ak Jean Francois Philippe

Nan imajinasyon jewopolitik Karayib la, Ayiti souvan prezante kòm yon teritwa ki gen yon potansyèl minyè ki se prèske  yon mit. Depi okipasyon ameriken an  an 1915 jiska deba modèn sou devlopman ekonomik yo, naratif “peyi ki chita sou yon min lò” a toujou retounen. Men, reyalite jounen jodi a lwen anpil de fiksyon sa a. 

Pandan vwazen li, Repiblik Dominikèn, fèk anonse dekouvèt depo tè ra nan Pedernales, Ayiti ap fè fas ak yon kesyon ki deranje: kisa k vrèman anba tè? Atik sa a egzamine twa pwen kle:

-ki mineral ki egziste?

-ki kote yo ye?,

-kantite reyèl rezèv yo? –

E n ap fè  yon refleksyon sou  ensètitid sa a vin tounen yon  malè pandye nan konteks  jewopolitik jounen jodi a.

Lò, Kuiv ak Boksit: Resous Ki Pa Fin Detèmine

Jewoloji Ayiti, kolizyon plak tektonik yo fòme, bay zile a yon anba  tè divès. Etid jewolojik yo montre prezans lò, kuiv ak boksit, ansanm ak potansyèl pou kobalt e, daprè dènye espekilasyon yo, li posib gen kèk eleman tè ra.

Sosyològ ayisyen Jean Eddy Saint Paul, nan yon entèvyou  nou fèk fè, konfime sa:
“Jodi a gen anpil pale sou mineral ak tè ra. Mwen kwè an Ayiti nou genyen tou de (2). Se yon peyi ki trè enpòtan pou mineral yo ak resous tè ra yo.”

Men, mit la pa mache ak   reyalite teknik la. Claude Prépetit, direktè Biwo Min ak Enèji Ayiti (BME), te deklare an fevriye 2025 peyi a pa envesti nan rechèch min depi 1993 e aktivite eksplorasyon metal yo  te sispann an 2012. Sa vle di, menm si, sou plan jewolojik, nou sèten sou egzistans  mineral sa yo, pa gen done ajou sou konsantrasyon yo, vyabilite ekonomik oswa teknik yo. Ayiti pa gen kat modèn ki nesesè pou transfòme jewoloji a ekonomi.

Ki Kote Resous Sa Yo Ye?

Lokalizasyon resous sa yo  se pa yon bagay pa aza, souvan yo konsantre nan zòn mòn yo ak sou fay jeyolojik ki travèse peyi a. Istorikman, prensipal pèmi eksplorasyon yo te bay nan zón nò a, espesyalman nan Masif Nò a, kote yo idantifye  lò ak kuiv.

Youn nan zòn ki pi sansib jodi a se fwontyè sid la, sitou nan rejyon Belle-Anse ak Anse-à-Pitre nan depatman Sidès. Apre dekouvèt 114 depo tè ra nan Pedernales (sou bò dominiken), jewològ yo estime fòmasyon jeyolojik sa a ka pwolonje sou teritwa ayisyen an.

Zòn sa a gen anpil ti peyizan epi li chita sou yon fay sismik ki  aktif, sa ka fè nenpòt aktivite min vin tounen yon pwoblèm sosyal ak anviwònmantal.

Gwosè Reyèl Richès Ayiti yo

Se la mit la tonbe devan reyalite a. Repons onèt la se:  pèsonn pa konnen vre ki gwosè rezèv Ayiti yo. Peyi a pa gen okenn envantè ki ajou.

Nan ane 1970 ak 1980 yo, etid yo te sijere yon potansyèl enpòtan pou lò ak kuiv. Men, plis pase twa deseni san eksplorasyon sistematik kite Ayiti nan yon sitiyasyon “absans enfòmasyonèlf”. Sa ki egziste jodi a se pa rezèv pwouve—tankou Chili oswa Repiblik Dominikèn—men “resous estimatif” oswa senpleman pèmi eksplorasyon yo i te bay konpayi etranje yo ontan, tankou Newmont nan Etazini. Konpayi sa yo te fè eksplorasyon preliminè, men yo pa t rive nan faz ekstraksyon akoz enstabilite sosyal ak opozisyon kominotè.

An reyalite, ant 2006 ak 2013, plis pase 50 pèmi eksplorasyon te bay san evalyasyon apwopriye sou  anviwònman an. Sa te lakoz konfli kote ti peyizan te deplase yo, men li pa t pwodui okenn ekstraksyon efektiv. Ayiti rete  kòm yon peyi ki gen richès potansyèl ki poko mezire, bloke nan faz eksplorasyon espekilatif min.

Resous Natirèl ak Jewopolitik

Jodi a nan yon mond ki fòme ak tranzisyon enèji ak demann pou ogmante pou mineral estratejik tankou tè ra pou batri ak teknoloji avanse, ensètitid sou anba tè Ayiti a se pa yon bagay inosan. Li vin tounen yon espas diskisyon jewopolitik.

Pwofesè Jean Eddy Saint Paul bay yon ekleraj istorik enpòtan. Depi 1924, pandan okipasyon ameriken ani, jewològ tankou Wendell P. Woodring te fè etid yon etid an pwofondè sou anba tè Ayiti epi pibliye rezilta yo nan Geology of the Republic of Haiti.
“Pi bon ekspè Etazini yo te etidye tè a ak anba tè a,” Saint Paul esplike. “Daprè enfòmasyon nan liv sa a, peyi a enpòtan anpil estratejikman, paske li gen litiyòm, resous natirèl, mineral, ak tè ra.”

Daprè Saint Paul, an Ayiti “moun ki nan pouvwa a pa gen kapasite pou negosye ak Etazini sa ki ap  vrèman benefisye sosyete ayisyen an.”

Risk “Malediksyon Resous yo”

Genyen tou yon naratif ki enterese prezante Ayiti kòm yon “eta echwe” pou jistifye entèvansyon etranje anba pretèks estabilite. Sa se pa yon modèl nouvo. Pandan okipasyon 1915 la, Etazini te pran kontwòl Bank Nasyonal la epi yo te sezi tè. Jodi a, enstitisyon finansye entènasyonal ak pouvwa etranje yo ankouraje min kòm solisyon ekonomik, malgre gwo opozisyon kominote lokal yo ki wè endistri sa a kòm yon menas pou pèdi tè yo.

Pou sosyològ ayisyen an, nenpòt eksplwatasyon nan resous sa yo ta mande yon transfòmasyon politik pwofon:
“Pou eksplwate oswa bay konpayi etranje pèmi, nou bezwen lidè nasyonalis oswa patriyotik nan palman an ak nan Prezidans lan—moun ki defann enterè pèp ayisyen an epi ki pa wè resous natirèl yo tankou yon dènye objektif, men kòm yon mwayen pou kontribye nan byennèt popilasyon an.”

Yon Naratif ki Gen De Bò

Mit richès natirèl Ayiti a konsa kanpe tankou yonkouto de bò. Yon bò, li alimante espwa pou yon devlopman ekonomik mirak. Lòt bò, li jistifye entèvansyon ekstèn, domaj anviwònman an, konfiskasyon tè, ak eksplwatasyon resous yo san benefis lokal.

Nan yon mond ki genyen anpil  konfli aktif sou petwòl/gaz,, litiyòm, kuiv ak tè ra. Li riske pou yo itilize feblès Ayiti yo. Resous li yo—Nou pa konnen ki kantite reyèl yo yei—ka tounen byen pou pouvwa etranje, repete trajedi anpil peyi nan Sid Global la  kote malediksyon resous yo  te kontinye ak  enstabilite yo olye li pote pwosperite.

Referans:

Diario Libre. Haitianos se preguntan si tienen tierras raras tras el hallazgo en Pedernales. Ver: https://www.diariolibre.com/mundo/haiti/2025/02/18/en-haiti-se-pregunta-si-tiene-tierras-raras/3002520

López Soto, Ximena Damaris. El concepto de “Estado fallido” como estrategia para la explotación en Haití (CLACSO). Ver: https://conferenciaclacso.org/programa/resumen_ponencia.php?&ponencia=Conf-1-1439-35442&eje=13

Somos Pueblo. Tras el hallazgo en Pedernales, Haití se pregunta si también tiene tierras raras. Ver: https://somospueblo.com/tras-el-hallazgo-en-pedernales-haiti-se-pregunta-si-tambien-tiene-tierras-raras/

Author’s interview with Professor Jean Eddy, Haitian sociologist (unpublished).

Submit a Comment Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Recent Posts

  • Resous Natirèl Ayiti: Ant Mit sou Richès Kache ak Reyalite yon Trezò Ki Pa Eksplore
  • Min nan Ayiti: poukisa kesyon sa a enpòtan pou lavni peyi a?
  • Ayiti prezan: Konstwi pon apati UNIR en Haití
  • APÈL A KANDIDATI
  • Bous Fanm Yo La

Recent Comments

No comments to show.

Únete a la resistencia

Universidad Itinerante de la Resistencia en Haiti

Correo

coordinacion@unir-haiti.org

Dirección

Wilson #17, Pacot, Puerto Príncipe, Haití