
Fohlen, C. (s. f.). A Lakwew, dans le nord du pays, l’orpailleuse Pierre-Silia Bastien extrait des sacs de glaise. Elle espère trouver de l’or [Fotografía]. https://www.parismatch.com/Actu/International/Pour-quelques-pepites-d-or-Haiti-711156
Pa Paula Companioni
Tradiksyon: Claudia Alavez
Yon pwomès ki kache anba tè a
Analiz ekstèn ak rapò nan endistri min[1], ki te fèt anviwon 2014 epi ki baze sou eksplorasyon nan nò Ayiti, estime peyi a ka genyen yon potansyèl min—sitou lò, kwiv ak mab—ki rive anviwon 20 milya dola. Estimasyon sa yo bay anpil enterè sou plan entènasyonal.
Pou konprann poukisa richès ki anba tè Ayiti pa janm tounen devlòpman, li pa sifi gade sitiyasyon sosyal jodi a. Nou bezwen fouye nan yon istwa kolonizasyon ki te baze sou ekstraksyon, konsesyon ki te eksplwate, ak yon “madichon resous” ki egziste menm anvan endepandans peyi a.
Soti nan ekstraksyon kolonyal rive nan absans estriktirèl
Kontrèman ak imaj anpil moun genyen sou gwo min nan koloni yo, zile Ispànyola a pandan 15èm ak 16èm syèk pa te yon gwo sant min endistriyèl. Menmsi kolon panyòl yo te chèche lò san rete, min nan teritwa ki vin Ayiti jodi a te rete yon fenomèn pasajè. Depo alivyon yo—sa ki te pi fasil pou pran yo—te fini byen vit.
Depi kòmansman 17èm syèk, lafyèv lò a bay plas ak sik: agrikilti plantasyon ranplase min kòm sant prensipal ekonomi kolonyal la.
Menmsi te gen kèk mansyon izole sou ematit, kalkopirit ak kwiv toupre Gonayiv pandan epòk fransè a, kouwòn nan te toujou bay priyorite ak monokilti—kann sik ak kafe—plis pase eksplwatasyon mineral.
Sa fè yon presedan enpòtan: kontrèman ak peyi andin yo oswa Meksik, Karayib zile a—epi Ayiti an patikilye—pa janm devlope yon tradisyon min ni yon administrasyon jewolojik pandan peryòd kolonyal li. Lè Ayiti vin premye repiblik nwa nan mond lan an 1804, li pa t sèlman eritye yon dèt lou bay Lafrans, men li te eritye tou yon vid total nan konesans jewolojik sistematik.
Konesans san souverènte: 20èm syèk la
Se sèlman nan 20èm syèk la yo fè yon premye tantativ serye pou katografye sous-tè Ayiti. Iwonikman, sa rive pandan Okipasyon Etazini (1915–1934).
Jan lòt atik sou sijè a montre[2], gouvènman Washington voye United States Geological Survey (USGS), anba lidèchip W. Woodring, ki pibliye an 1924 The Geology of the Republic of Haiti. Pou premye fwa, Ayiti vin konnen ak plis presizyon ki mineral li genyen. Men konesans sa pa te sèvi pèp ayisyen; li te sèvi konpayi etranje ki t ap vini plizyè dizèn lane apre.
Epòk Duvalier: ekstraksyon san devlòpman
Sèl peryòd min ki te vrèman endistriyèl nan Ayiti se ant 1957 ak 1982, anba diktati Duvalier yo. Konpayi Reynolds Mining Corporation te eksplwate yon min boksit nan rejyon Miragwàn. Pandan 25 lane sa yo, Ayiti te ekspòte 13,3 milyon tòn boksit ale nan yon rafinri nan Corpus Christi, Texas[3]. Nan pi gwo nivo li, boksit sa te reprezante prèske yon senkyèm nan rezèv total Reynolds la.
Pou Leta ayisyen, sa te vle di kèk revni pasif; pou konpayi an, yon gwo pwofi; pou peyizan yo, sa te vle di deplasman fòse 150 mil ekta tè. Akademisyen Guy Pierre dekri peryòd sa tankou yon “akimilasyon kapital rapid ak fristrasyon ekonomik,” kote lajan ki te antre tankou redevans yo disparèt nan fon Leta san yo pa kreye devlòpman lokal.
Poukisa min pa janm devlope
Apre analiz sa yo, kesyon an rete ouvè: poukisa endistri min nan pa janm pran pye? Dapre ekonomis ak gwo envestisè yo, gen twa gwo rezon estriktirèl ki eksplike echèk la.
Premye a se Ayiti pa soufri yon “madichon resous” klasik kote richès bay koripsyon ak konfli, men yon madichon mank ak povrete. Depo yo sou papye ka vo 20 milya dola, men an reyalite yo piti, yo pa rich ase, oswa yo difisil pou eksplwate.
Dezyèm lan se enèji ak enfrastrikti. Min modèn bezwen anpil enèji ak yon sistèm transpò solid, men Ayiti gen youn nan pri elektrisite ki pi wo ak youn nan sistèm ki pi enstab nan rejyon an.
Twazyèm lan se fason mache mondyal la wè Ayiti kòm yon “risk total”, akòz enstabilite politik, ensekirite ak absans garanti legal.
Yon pwomès ki pa janmen egziste reyèlman
Sa poze yon kesyon esansyèl: menm si tout kondisyon sa yo ta amelyore, èske pèp ayisyen an t ap vrèman benefisye yon ekonomi ki baze sou min? Istwa kout min ann Ayiti pa istwa yon opòtinite pèdi, men yon opòtinite ki pa janmen egziste nan kondisyon favorab pou peyi a. “Trezò” 20 milya dola sa a se plis yon ilizyon jewolojik ak lojistik.
Konklizyon
Toutan Ayiti pa rezoud kriz gouvènans, sekirite ak enèji li yo, mòn li yo ap rete temwen silans yon richès ki antere. Menm jan nan 18èm syèk la, peyi a rete pi pwofitab pou sa li ta ka pwodui sou sifas li—si gen estabilite—pase pou sa ki kache anba tè li. Min pa te sove Ayiti nan tan pase, ni nan moman difisil li ye la a, li sanble ap rete chapit ki pi kout nan istwa ekonomik li.
Atik sa a se twazyèm pati nan seri “Min nan Ayiti — kontèks, risk ak deba”, ki fèt nan kad Pwogram Defans ak Rezistans Teritwa Inivèsite Itinérant Rezistans nan Ayiti.
