



“Kreye pou rekonekte” se twazyèm etap yon chemen n ap konstwi ansanm depi kèk tan. Anvan sa, nou te pase nan Dekonekte pou rekonekte ak Plante pou rekonekte, se moman sa yo ki te pèmèt nou poze kesyon, pran tan pou reflechi, epi gade teritwa nou yo ankò avèk plis swen ak konsyans.
Jodi a, nou fè yon lòt pa ankò: kreye tankou yon fason aktif pou nou viv, defann epi soutni lavi.
Twa kanpay sa yo fè pati menm angajman an: konstwi vrè altènativ pou defans ak rezistans nan teritwa nou yo ak kòmanse nan lavi chak jou.
Kreye tankou yon zak rezistans
Nan yon kontèks kote gen anpil kriz — ekonomik, sosyal ak anviwònmantal — chwazi kreye pa yon ti aksyon se yon pozisyon politik.
Kreye se refize depann sèlman de solisyon ki soti deyò.
Kreye se fè konfyans konesans nou ak kapasite kolektif nou.
Kreye se transfòme lavi chak jou an yon espas diyite.
Inisyativ k ap fèt deja
Kounye a, nou ap akonpaye kat eksperyans kominotè ki montre angajman sa a pou konstwi pwòp solisyon pa nou:
Pwodiksyon sèvyèt ijyenik ekolojik
Rachelle, yon jèn fanm ki soti nan nò peyi a, ap devlope altènativ dirab pou reponn ak pwoblèm medam yo genyen anvan, pandan ak apre yo gen règ (précarité menstruelle) epi pwoteje anviwònman nan redwi fatra plastik sèvyèt ijyenik jetab yo lakoz.
Pwodiksyon konpòs nan Nòdès Ayiti
Alta ap akonpaye kominote Savann Long nan komin Wanament, toupre fwontyè ak Repiblik Dominikèn, pou relanse pratik angrè natirèl epi ranfòse relasyon kominote a ak tè a ak pou fè pwomosyon pou pwodiksyon lokal.
Jaden kreyòl
Nan inisyativ sa a, plis pase 15 kalite plant ap grandi ansanm nan menm espas la pou ankouraje otonomi alimantè ak pataj konesans agrikòl. Lucmail ap mennen travay sa a nan sidès peyi a.
Eko-brik nan yon lekòl
Nan Kap Wouj, Jakmèl, Marie Mode — yon pwofesè — ap dirije yon eksperyans pedagojik ak anviwònmantal ki enplike timoun ak jèn yo nan pwoteksyon anviwònman an atravè itilizasyon eko-brik.
Chak inisyativ sa yo se yon repons konkrè devan pwoblèm reyèl, men tou yo se yon fason pou imajine lòt avni.

Wi ak lavi
“Kreye pou rekonekte” se, an reyalite, yon deklarasyon kolektif:
Wi pou otonomi.
Wi pou pwoteksyon teritwa yo.
Wi pou kreyativite tankou yon fòm rezistans.
Paske kreye tou se yon fason pou reziste.
Mete fòs ansanm, pataje, ranfòse
Nan anpil teritwa, gen kominote ak òganizasyon ki deja ap kreye pwòp repons yo depi nan lavi chak jou.
Si ou fè pati yon òganizasyon oswa yon inisyativ ki ap travay nan menm direksyon sa a, nou ta renmen rankontre w, pataje eksperyans ak aprantisaj, epi ranfòse pwosesis sa yo ansanm.
Nou envite w ekri nou epi rantre nan chemen sa a kote kreyasyon ak rezistans mache ansanm. Paske lè eksperyans yo konekte, yo vin pi fò.
