https://www.colombiainforma.info/antes-que-el-oro-el-agua
Oteè Libertad Díaz Vera ak Claudia Alavez.-
Prèske yon syèk apre Jacques Roumain te ekri Gouverneurs de la rosée, youn nan gwo klasik literati ayisyen an, dlo toujou okipe yon plas santral nan lavi kominote riral an Ayiti. Si nan woman an, chèche dlo se te tou chèche diyite ak òganizasyon kolektif, jodi a defans sous dlo yo poze nou ankò yon kesyon fondamantal: kijan nou ka pwoteje dlo ki se lavi?

Nouvo dekrè minye ki te pibliye nan mwa mas 2026 la relouvri deba sou avni eksplwatasyon min an Ayiti. Yon gwo pati nan diskisyon yo konsantre sou aspè legal yo, pèmi eksplorasyon yo oswa opòtinite ekonomik eksplwatasyon mineral yo ta ka pote. Men, gen yon kesyon yo pa souvan poze, alòske li ta dwe nan sant deba a: kisa ki pral rive dlo a si nou legalize piyaj teritwa yo?
Kesyon sa a enpòtan anpil nan yon peyi kote yon gwo pati nan popilasyon an toujou gen difikilte pou jwenn dlo potab, epi kote pi fò kominote riral yo depann dirèkteman sou rivyè, sous ak pui pou yo ka viv. Anvan nou diskite sou kantite lò oswa kuiv yo ka retire anba tè Ayiti, li nesesè pou nou konprann sitiyasyon youn nan resous ki pi esansyèl pou lavi a: dlo.
Dapre UNICEF, 26 % popilasyon ayisyen an pa gen aksè ak sous dlo potab, pousantaj sa a pi wo anpil nan zòn riral yo. Bò kote pa li, Bank Mondyal fè konnen an 2020, se sèlman 43 % popilasyon riral Ayiti ki te gen aksè ak sèvis debaz dlo potab. Nan anpil kominote, pou jwenn dlo, moun oblije mache byen lwen, tann machann dlo rive oswa depann sou sous kote kantite dlo ki disponib la chanje selon sezon an.

Ant abondans natirèl ak mank dlo nan lavi chak jou
Lè n ap pale sou dlo an Ayiti, nou tonbe sou yon kontradiksyon ki parèt klè. Peyi a genyen gwo basen vèsan ak anpil rivyè ki soutni lavi agrikòl ak lavi kominotè. Pami yo, gen Rivyè Latibonit –ki se rivyè ki pi long sou zile a e ki gen yon wòl fondamantal nan pwodiksyon agrikòl peyi a–, Gran Rivyè Nò, Rivyè Lenbe, Twa-Rivyè ak Rivyè Masak, san nou pa bliye plizyè santèn sous, ravin ak lòt ti sous dlo ki alimante kominote riral yo atravè peyi a.
Men, gen rivyè ak sous pa vle di tout moun gen aksè ak dlo. Olye yo jwenn dlo atravè gwo sistèm distribisyon piblik, yon pati enpòtan nan popilasyon an depann dirèkteman sou sous natirèl, sistèm kominotè oswa machann prive pou jwenn dlo yo bezwen chak jou.
Difikilte yo pa fini sèlman nan jwenn dlo. Gen gwo pwoblèm tou nan kalite dlo a ak sèvis asenisman yo. Dapre UNICEF, sèt Ayisyen sou dis pa gen aksè ak sèvis debaz asenisman, epi yon pati enpòtan nan fanmi ki nan zòn riral yo toujou oblije fè bezwen yo deyò. Kondisyon sa yo ogmante risk pou sous dlo yo kontamine epi gaye maladi tou.
Epidemi kolera ki te frape peyi a soti 2010 rive 2019 te montre konsekans yon sitiyasyon konsa kapab genyen. Plis pase 820,000 moun te enfekte epi prèske 10,000 moun te mouri. Sa te montre aklè relasyon sere ki genyen ant aksè ak dlo potab, sante piblik ak kapasite enstitisyon Leta yo.
Degradasyon anviwònman an vin ajoute sou tout difikilte sa yo. Plizyè dizèn lane debwazman ak ewozyon febli kapasite ekosistèm yo pou kenbe dlo, pou pwoteje basen vèsan yo epi alimante sous ak rezèv dlo anba tè. Dapre done Nasyonzini, forè primè ki te kouvri 4.4 % teritwa ayisyen an an 1988 te diminye pou rive sèlman 0.32 % an 2016.
Se poutèt sa, anvan nou diskite sou nenpòt pwojè endistriyèl ki bezwen gwo kantite dlo, nou dwe rekonèt yon reyalite fondamantal: pou plizyè milyon moun nan peyi a, pwoblèm nan se pa sèlman kantite dlo ki egziste, men kilès ki gen aksè ak dlo a, nan ki kondisyon, epi ki garanti ki genyen pou lavni.

Kisa ki rive dlo a lè eksplwatasyon min metalik rive?
Eksplwatasyon min metalik se yon aktivite ki bezwen gwo kantite dlo nan diferan etap eksplorasyon, ekstraksyon ak tretman minerè yo. Nan ka lò, yon sèl min endistriyèl ka itilize plizyè milyon lit dlo chak jou pou moulen wòch, separe mineral la epi trete dechè ki soti nan ekstraksyon an.
Egzanp, dapre yon rapò OMAL, pwojè min El Dorado a, yon min lò nan El Salvador, ta bezwen anviwon 327.9 milyon lit dlo chak ane, sa vle di prèske 898,000 lit chak jou. Done sa a montre eksplwatasyon min metalik pa sèlman pote risk kontaminasyon ak syani ak dechè toksik; li mete tou yon presyon pèmanan sou sous dlo lokal yo.
Kidonk, kesyon an se pa sèlman konbyen dlo yon eksplwatasyon min itilize, men tou ki kote dlo sa a soti epi kisa ki rive li apre yo fin itilize li.
Eksperyans nan lòt peyi montre eksplwatasyon min kapab lakòz plizyè risk: diminye kantite dlo k ap koule nan rivyè ak sous yo, kontaminasyon ak metal lou, drenaj asid ki soti nan min yo ak enfiltrasyon sibstans yo itilize pou trete mineral yo. Menmsi tout pwojè pa pwodui menm konsekans yo, dlo souvan vin youn nan prensipal byen antrepriz yo chèche kontwole epi retire anba kontwòl kominote yo.
An Ayiti, enkyetid sa a pran yon dimansyon espesyal. Prensipal zòn yo idantifye pou aktivite minyè yo sitiye nan rejyon Nò ak Nòdès peyi a, nan teritwa kote agrikilti peyizan depann dirèkteman sou basen vèsan, sous ak dlo k ap koule sou tè a.
Nan zòn tankou Kadouch, nan komin Katye Moren, kote deja gen pèmi ki gen rapò ak eksplorasyon minyè, dlo k ap koule nan rivyè ak sous yo se pa dlo anplis. Se dlo sa a menm ki sèvi pou wouze jaden, bay bèt bwè, fè manje epi satisfè bezwen fanmi yo.
Se poutèt sa, lè yon konsesyon minyè vin kouvri yon teritwa riral, se pa sèlman yon konfli pou sa ki anba tè a ki kòmanse. Se yon konfli tou pou dlo k ap koule nan basen vèsan yo, pou wout ki konekte kominote yo, pou tè agrikòl ki bay fanmi yo manje, pou forè ki pwoteje sous dlo yo, epi pou desizyon kolektif ki pèmèt kominote yo kontinye viv malgre kondisyon istorikman difisil.

Pou yon antrepriz, dlo kapab parèt tankou yon senp materyèl li bezwen nan depans operasyon li. Fason sa a pou mezire valè dlo a grav anpil nan teritwa kote fanmi yo depann sou rivyè, sous, pui ak sistèm kominotè pou soutni lavi chak jou. Se poutèt sa, diskisyon sou dekrè minyè a pa kapab limite ak pwosedi pou bay pèmi, atire envestisman oswa reglemante eksplwatasyon mineral. Kesyon santral la se pito: èske yon peyi ki deja gen gwo pwoblèm aksè ak dlo potab, sèvis asenisman ki pa sifi, debwazman rapid ak kapasite enstitisyonèl limite pou kontwole domaj anviwònmantal dwe louvri nouvo teritwa pou yon aktivite ki konsome dlo, pwodui dechè epi ki ap kite konsekans pou anpil tan?
Nan sans sa a, dekrè a reprezante yon risk, paske li kapab fini pa sèvi kòm yon zouti pou legalize sa kominote yo deja ap viv kòm yon menas. Dèyè diskou sou sekirite jiridik, modènizasyon sektè minyè a oswa nesesite pou atire envestisman, kapab gen yon gwo reòganizasyon teritwa a k ap fèt. Legalizasyon eksplwatasyon min ouvri sa ki anba tè a bay enterè antrepriz yo epi li kapab ranfòse nouvo fòm kontwòl sou dlo, tè, enfrastrikti ak desizyon kominote yo.

Devan sitiyasyon sa a, plizyè òganizasyon ak kominote kòmanse pote pwopozisyon pou pwoteje byen komen yo ak teritwa riral yo. Pami yo, gen konstriksyon Teritwa Lib anba Min ak Ekstraktivis, kòm espas kote defans dlo mache ansanm ak agrikilti peyizan, sante kominotè ak dwa popilasyon yo pou yo kontinye viv sou teritwa yo.
Deklare teritwa yo lib anba min pèmèt kominote yo afime, anvan domaj la fèt, sous dlo yo pa dwe sèvi pou aktivite ki pral itilize gwo kantite dlo epi ki ap kreye risk anviwònmantal pou anpil tan. Nan yon peyi kote jwenn dlo deja se yon defi chak jou, pwopozisyon sa a mete desizyon kominote yo nan sant deba a epi li pote yon revandikasyon konkrè: pwoteje rivyè, sous, pui ak zòn kote dlo antre nan tè a pou ranpli rezèv yo, anvan eksplwatasyon min rive sou yo.
Atik sa a se sizyèm pati nan seri «Min an Ayiti — kontèks, risk ak deba», ki fèt nan kad Pwogram Defans ak Rezistans Teritwa Inivèsite Itineran Rezistans ann Ayiti (UNIR).
