Paula Companioni. –
Nan mwa mas ane sa a, nan yon Ayiti san Palman epi ki plonje nan yon gwo kriz enstitisyonèl, yo te apwouve yon nouvo dekrè minyè ki louvri pòt pou yon nouvo etap eksplwatasyon resous peyi a. Olye nouvo lejislasyon an tabli yon kad solid pou pwoteje sous dlo yo, ekosistèm yo ak ekonomi peyizan yo, dapre plizyè rechèch ak òganizasyon ki etidye sektè a, li fasilite antre pwojè ekstraktivis nan yon teritwa ki, depi plizyè dizèn ane, ap atire enterè konpayi etranje.

Dekrè a fè yon kesyon ki pa nouvo vin pi ijan: kiyès ki vle eksplwate mineral Ayiti yo, epi ki enterè ki dèyè kous sa a pou richès ki anba tè a? Repons lan mennen nou nan nò peyi a, espesyalman nan “Massif du Nord ”, yon fòmasyon jewolojik ki gen gwo rezèv lò, kuiv ak ajan epi ki pwolonje rive nan menm bann mineral kote Pueblo Viejo ye, nan Repiblik Dominikèn, youn nan pi gwo min lò nan mond lan. Depi plis pase yon dizèn ane, konpayi minyè ameriken ak kanadyen jwenn pèmi eksplorasyon sou gwo pati nan teritwa sa a.
Ant 2006 ak 2013, gouvènman ayisyen an te bay plis pase 50 pèmi eksplorasyon, sitou konpayi ameriken ak kanadyen, anpil ladan yo nan “Massif du Nord”. Pwosesis la te gen anpil denonsyasyon akoz mank konsiltasyon nan kominote yo ak mank evalyasyon enpak. Moun ki abite nan zòn nan te denonse konpayi tankou “Newmont” ki te antre sou tè yo, pran echantiyon epi pwopoze akò ki, dapre temwayaj yo te ranmase, peyizan yo pat toujou byen konprann. Pami konpayi ki te jwenn pèmi yo te genyen “Eurasian Minerals” —ki rele “EMX Royalty” jodi a—, “Newmont”, “Majescor Resources” ak “VCS Mining”.
Men, enterè sa a pa parèt toudenkou. Nò Ayiti gen yon long istwa nan eksplwatasyon min. Sou diktati Duvalier yo, “Reynolds Mining Corporation” te eksplwate boksit nan Miragwàn pandan 25 ane, sa ki te lakòz deplasman peyizan sou gwo espas tè. Guy Pierre, nan “Histoire de l’industrie minière en Haïti”, dekri peryòd sa a kòm yon akimilasyon rapid kapital ak fristrasyon ekonomik”: pwofi yo te fini ale Texas, Ozetazini, san yo pa tounen pou devlopman lokal.

Etid jewolojik sou potansyèl minyè Ayiti yo pa nouvo nonplis. Depi ane 1970 yo, te deja gen rechèch ki te idantifye gwo rezèv lò, kuiv ak ajan nan “Massif du Nord”. Jodi a, richès sa a vin gen plis valè ankò nan yon kontèks kote endistri teknolojik la ap grandi epi demann entènasyonal pou mineral estratejik yo ap ogmante. Nan peyi vwazen an, Repiblik Dominikèn, yo idantifye tou depo tè ra nan Pedernales, nan yon fòmasyon jewolojik ki ta ka pwolonje rive nan sidès Ayiti, espesyalman nan Bèlans ak Ansapit.
Men, pou nou konprann poukisa nouvo sik ekstraktivis sa a vin posib, fòk nou gade pi lwen dèyè, jouk tranblemanntè janvye 2010 la. Trajedi a te lakòz anviwon 220,000 moun mouri, li te detui yon gwo pati nan enfrastrikti piblik yo epi li te ravaje Pòtoprens. Kominote entènasyonal la te reponn ak youn nan pi gwo operasyon imanitè nan istwa resan. Men, pandan plizyè milya dola èd entènasyonal t ap antre nan peyi a, yon lòt pwosesis ki te mwens vizib te kòmanse: kapasite Leta ayisyen pou dirije pwòp pwosesis rekonstriksyon li te vin pi fèb.
Rechèch Center for Economic and Policy Research (CEPR), Institute for Justice & Democracy in Haiti (IJDH), antwopològ Mark Schuller epi, pi resamman, liv Aid State (2024) Jake Johnston lan, dokimantè kijan yon gwo pati nan rekonstriksyon an se te ajans entènasyonal, òganizasyon miltilateral ak òganizasyon non-gouvènmantal ki te jere l, pandan enstitisyon ayisyen yo te gen yon patisipasyon limite. Johnston esplike apre tranblemanntè a, Ayiti te evolye nan direksyon yon modèl kote aktè ekstèn yo te vin jere resous, defini priyorite epi egzekite politik. Konsa, koperasyon an te fini pa ranfòse yon depandans ki te diminye plis toujou kapasite Leta ayisyen pou pran pwòp desizyon li.
An menm tan, rezolisyon 1908 ak 1927 Konsèy Sekirite Nasyonzini an te prevwa ogmantasyon twoup MINUSTAH yo ak deplwaman pèsonèl anplis. Sou pretèks pou garanti estabilite, prezans entènasyonal la te vin pi solid nan menm moman enterè ekonomik sou nò Ayiti te renouvle. Kriz enstitisyonèl la, koperasyon entènasyonal la ak kestyon sekirite a te fini pa antre nan menm senaryo a, kote Leta ayisyen te gen mwens kapasite chak jou pou dirije pwòp pwosesis li yo.

Se nan pwen sa a fwontyè a pran yon enpòtans espesyal. Ant Wanament, an Ayiti, ak Dajabón, an Repiblik Dominikèn, plizyè santèn moun travèse chak jou ak manje, rad ak lòt machandiz nan yon echanj ki soutni yon gwo pati nan ekonomi lokal la. Men, dèyè mouvman chak jou sa a, gen yon lòt peyizaj ki vin ap desine kote miray, pòs militè, kamera siveyans ak kontwòl migratwa vin pi sevè.
A kèk kilomèt sèlman, gen nan teritwa yo ki gen plis enterè pou endistri minyè yo. Nan zòn sa a ou rankontre, koridò komèsyal, enfrastrikti lojistik, envestisman nan enèji, sistèm dijital siveyans ak yon ranfòsman pwogresif aparèy militè ak lapolis ki lye ak kontwòl migratwa. Lè nou gade pwosesis sa yo separeman, yo reponn ak dinamik diferan. Men, lè nou gade yo ansanm, yo montre yon fwontyè ki vin plis objè enterè ekonomik, teknolojik ak sekirite.
Natirèlman, eksplwatasyon min gen moun k ap defann li. Konpayi yo prezante pwojè sa yo kòm yon opòtinite pou atire envestisman etranje, kreye travay epi ogmante resèt fiskal youn nan peyi ki pi pòv nan emisfè a. Men, òganizasyon anviwònmantal, akademik ak mouvman sosyal yo avèti richès mineral pa otomatikman vle di devlopman lokal. Eksperyans nan Amerik Latin nan montre souvan avantaj ekonomik yo konsantre nan men konpayi ak elit politik yo, pandan se kominote yo finalman ki pote chay konsekans anviwònmantal ak sosyal yo.
Pwoblèm nan se paske Ayiti rive nan nouvo moman sa a ak yon kad enstitisyonèl ki patikilyèman fèb. Rapò “Byen Konte, Mal Kalkile?” “Human Rights and Environmental Risks of Gold Mining in Haiti”, “Center for Human Rights and Global Justice” la, ansanm ak lòt rechèch, deja avèti peyi a pa gen mekanis ki ase solid pou kontwole eksplwatasyon min a gran echèl epi pwoteje sous dlo, ekosistèm ak ekonomi peyizan yo. Nan kontèks sa a, nouvo dekrè minyè a parèt mwens kòm yon repons pou feblès sa yo, epi plis kòm yon chemen pou fasilite ekspansyon endistri ekstraktivis la.
Se poutèt sa, li pa sifi pou nou redui diskisyon an ak yon konfli ant devlopman ak pwoteksyon anviwònman. Sa ki nan jwèt la tou se kilès ki gen pouvwa pou pran desizyon sou teritwa a ak sou resous ki ladan li.

Antwopològ ayisyen Jemima Pierre fè konnen peyi a ap viv anba yon rejim titèl entènasyonal pèmanan ki limite kapasite li pou detèmine pwòp avni li. Chanpanti koperasyon entènasyonal la fini pa kreye yon sistèm kote aktè ekstèn yo pran fonksyon ki, istorikman, te dwe pou Leta. Nan sistèm sa a, kapital finansye, konpayi ekstraktivis, koperasyon entènasyonal, enfrastrikti dijital ak aparèy sekirite rankontre epi, san yo pa ranplase Leta ofisyèlman, yo limite chak fwa plis espas Leta genyen pou pran desizyon.
Se la, finalman, nwayo diskisyon nouvo dekrè minyè a relouvri a ye. Kesyon an se pa sèlman konnen ki konpayi ki vle retire lò, kuiv oswa tè ra nan peyi a. Kesyon an se konprann kilès ki genyen jodi a pouvwa ekonomik, politik ak teritoryal pou deside kijan resous sa yo pral eksplwate epi pou benefis kiyès.
Lè solèy ap kouche, lè mache binasyonal la kòmanse vide epi dènye machann yo ap travèse pon ant Wanament ak Dajabón, fwontyè a sanble ankò ak yon senp kote moun ap pase. Men, dèyè baraj militè yo, kamera siveyans yo ak machandiz k ap antre soti, gen yon konfli ki pi pwofon toujou. Anba mòn ki ini Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo, se pa sèlman lò, kuiv ak tè ra ki chita: gen yon batay tou pou dwa yon pèp genyen pou deside sou pwòp teritwa li. Vrè batay la se konnen kilès ki pral fini pa egzèse souverènte sou resous sa yo.
Paula Companioni se yon jounalis kiben ki ap viv nan Kolonbi epi ki kolabore ak Inivèsite Itineran Rezistans an Ayiti.
Atik sa a se setyèm pati nan seri «Min an Ayiti — kontèks, risk ak deba», ki fèt nan kad Pwogram Defans Teritwa Inivèsite Itineran Rezistans an Ayiti.
