UNIR

Inivèsite Rezistans

UNIR fè pwomosyon espas rankont, refleksyon ak aksyon pou ranfòse ak akonpanye travay òganizasyon sosyal ayisyen yo nan defans teritwa kont megapwoje

Blòg nou

Kisa nou ap fè?

v
Aprann espanyòl pandan w ap batay!

Espanyòl kòm zouti echanj ant Ayiti ak Abya Yala.

 

Bati Konesans pou Chanjman

Nou kreye epi pataje zouti fòmasyon politik ak popilè.

N ap batay nan tèt ansanm: echanj kiltirèl

Echanj ant mouvman sosyal ayisyen ak lòt ki nan peyi Amerik Latin yo.

Fanm Yo la Tou

Yon pwogram fanm fè pou fanm. Espas kreyasyon, atikilasyon sa a, se yon opòtinite pou ranfòse lidèchip fanm yo nan kominote yo



Temwanyaj sou UNIR

Poukisa nou chwazi Ayiti?

 Nan yon mond ki anfas gwo defi pou jwenn lapè, dwa grandèt majè pèp yo ak respè Manman Latè, se yon obligasyon pou nou fè tèt kole epi defann teritwa nou fas ak megapwojè. Pou reyisi fè sa, li endispansab pou pèp yo nan Abya Yala ranfòse atikilasyon epi sonje istwa l.
Ayiti jounen jodi a nesesite solidarite nou plis, an menm tan, jounen jodi a plis pase nenpòt lòt moman rès peyi yo nan Abya Yala bezwen sonje Ayiti se premye peyi endepandan nan Amerik Latin nan, premye Revolisyon idantitè XVIIIèm syèk la. Sa te fè nou kesyone lòd mondyal gran puisans yo te enpoze a.
Revolisyon ayisyen an te egzije dwa egzistans ak soulve posibilite pou revandike yon lòt egzistans, pwòp egzistans pa l. Defans lavi ak pwòp egzistans nou kòmanse nan defann teritwa nou.

POTE KOLE NAN BATAY LA

Rete konekte ak nou. Suiv nou sou tout rezo yo pou fè pati chanjman an.